| The definition of health has evolved over time. |
Definisyon tan evolye avèk le tan. |
| In keeping with the biomedical perspective, early definitions of health focused on the theme of the body's ability to function; health was seen as a state of normal function that could be disrupted from time to time by disease. |
Konfòmeman ak pèspektif biomedikal la, premye definition sante yo te mete aksan sou kapasite kò a pou fonksyone. sante te konsidere kòm yon etat de fonysonenan nòmal ki ka deranje de tanzantan ak maladi. |
| An example of such a definition of health is: "a state characterized by anatomic, physiologic, and psychological integrity; ability to perform personally valued family, work, and community roles; ability to deal with physical, biologic, psychological, and social stress". |
Yon egzanp definisyon sante se: "yon eta ki karakterize pa entegrite anatomik, fizyolojik ak sikolojik; kapasite pou jwe wòl pèsonèlman enpòtan nan fanmi, travay ak kominote; kapasite pou fè fas ak estrès fizik, byolojik, sikolojik ak sosyal". |
| Then, in 1948, in a radical departure from previous definitions, the World Health Organization (WHO) proposed a definition that aimed higher, linking health to well-being, in terms of "physical, mental, and social well-being, and not merely the absence of disease and infirmity". |
Apre sa, an 1948, nan yon chanjman radikal parapò ak definisyon anvan yo, Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) te pwopoze yon definisyon ki te vize pi wo, ki te lye sante ak byennèt, an tèm de "byennèt fizik, mantal ak sosyal, epi non sèlman kòm absans maladi ak enfimite". |
| Although this definition was welcomed by some as being innovative, it was also criticized as being vague, excessively broad, and was not construed as measurable. |
Malgre ke kèk moun te akeyi definisyon sa a kòm yon bagay ki inove, yo te kritike li tou kòm yon bagay ki enpresi, trò laj epi li pat konsidere kmò mezirab. |
| For a long time it was set aside as an impractical ideal and most discussions of health returned to the practicality of the biomedical model. |
Pandan yon bon bout tan, yo te mete l sou kote kòm yon ideyal ki pa pratik e pifò diskisyon sou sante te retounen sou aspè pratik modèl byomedikal la. |
| Just as there was a shift from viewing disease as a state to thinking of it as a process, the same shift happened in definitions of health. |
Menm jan te gen yon chanjman nan fason yo te konsidere maladi a, men yo pa t konsidere l kòm yon eta pou rive nan fason yo te konsidere l kòm yon pwosesis, se menm chanjman sa a ki te rive nan definisyon sante. |
| Again, the WHO played a leading role when it fostered the development of the health promotion movement in the 1980s. |
Ankò, OMS la te jwe yon wòl dirijan lè li te ankouraje devlopman mouvman pwomosyon sante a nan ane 1980 yo. |
| This brought in a new conception of health, not as a state, but in dynamic terms of resiliency, in other words, as "a resource for living". |
Sa te pote yon nouvo konsèpsyon sou sante, pa kòm yon eta, men an tèm dinamik de rezilyans, nan lòt mo, kòm "yon resous pou viv". |
| The 1984 WHO revised definition of health defined it as "the extent to which an individual or group is able to realize aspirations and satisfy needs, and to change or cope with the environment. Health is a resource for everyday life, not the objective of living; it is a positive concept, emphasizing social and personal resources, as well as physical capacities". |
Definisyon revize OMS la an 1984 sou sante defini li kòm "mezi yon moun oswa yon gwoup kapab reyalize aspirasyon yo ak satisfè bezwen yo, epi chanje oswa fè fas ak anviwònman an. Sante se yon resous pou lavi chak jou, se pa objektif pou viv; li se yon konsèp pozitif, ki mete aksan sou resous sosyal ak pèsonèl, ansanm ak kapasite fizik". |
| Thus, health referred to the ability to maintain homeostasis and recover from insults. |
Kidonk, sante te refere a kapasite pou kenbe omeyostazi epi refè anba ensilt. |
| Mental, intellectual, emotional, and social health referred to a person's ability to handle stress, to acquire skills, to maintain relationships, all of which form resources for resiliency and independent living |
Sante mantal, entelektyèl, emosyonèl ak sosyal refere a kapasite yon moun pou jere estrès, pou akeri konpetans, pou kenbe relasyon, tout bagay sa yo fòme resous pou rezilyans ak lavi endepandan. |